dimanche 12 décembre 2010

Metsin anmè

Fanm lakay pap janm sispann soufri toutotan yo pa mete tet ansanm epi fe solidarite pou yo voye fanm nan pouvwa a. Si nap gade ki jan toupatou fanm nap soufri nou soufri tout kalite maladi. Le nou di maladi se pa selman doule men se tout pwoblem desepsyon, mize, chomaj, kadejak, baton, diskriminasyon, elatriye. Si n ta pran egzanp eleksyon k sot pase a gouvenman an ak KEP a vle fen vale you metsin chwal ki ame pase fyel bef men nou semante ke kou sa a pap pase. Yo vle kontwole sitiyasyon an pou yo ka bay rezilta pa yo. Se poutet sa yo mete yon fanm nan dezyem tou se paske yo gade fanm tankou bannan mi - sa vle di yo pi feb depi yo komanse bal presyon lap fe bak. Le sa a yap jwen posiblite pou yo mete moun yo vle a. Le sa a fanm yo pral soufri pi plis. Dwa fanm yo pa respekte se pou sa nou vle pou ta gen fanm fò nan pouvwa a. Si se mesye sa a yo rele Jude Celestin an ki ta vi n pezidan tout fanm nan peyi a pral tounen tochon pye. Nou vle pou le mond antye konnen mesye sa a pap nan avantaj peyi a sitou pou fanm yo.

.....................................

Bitter medicine

The women of Haiti will never stop suffering until they put their heads together in solidarity and bring a woman into power. If we look at how women everywhere are suffering, we suffer from every kind of ailment. And when I say ailment I don't mean just those that cause us physical harm, but every kind of problem - disappointment, misery, unemployment, rape, violence, discrimination, etc. If we take the example of the elections that just took place, the government and CEP are trying to make us swallow the most bitter medicine but we refuse to take it. They want to control the situation in order to get the result they want. This is why they have put a woman into the run off, because they see women as soft, as weak, as soon as they begin to pressure her she’ll retreat. And when she does they have the opportunity to put in power candidate they really want. As a result women will suffer even more. Women’s rights are not respected and that’s why we need a strong woman in power. If it’s this man, Jude Celestin, who becomes our president, the women of this country will become the dirt under his feet. We want the entire world to know that he will not help our country and least of all its women.

jeudi 9 décembre 2010

Sitiyasyon nou vin pi grav

Fanm nan kan yo di, nou konstate depi aprè rezilta eleksyon an sitiyasyon yo vin pi grav kote plis pitit pèp la kontinye ap mouri, administrasyon piblik nan anpil pwovens ap kraze kote ke sa pral mete nou nan rekomanse toutan. Dejouranjou pwoblèm nou menm fanm nan kan yo ap vin pi di, apre reziltaeleksyon you nou resevwa kout woch, kout boutèy, kote ke vye tant nou konn domi yo fin chire pandan yap revandike pou pouvwa, nou menm fanm nou kontinye ap viktim, peyi a bloke, nou pa gen anyen poun bay pitit nou. Kesyon nap poze, èske politisyen sa yo ap goumen pou pouvwa chanje sitiyasyon pèp la oubyen pou yo chanje sitiyasyon poch yo.
..........................................

Our situation deteriorates

We women in the camps have seen that since the elections results were released our situation has only gotten worse. The children of Haiti continue to die, government offices in many provinces are being torn down and it means we are back in the position of starting over, over and over again. Each day, the struggle of women in the camps gets harder. After the electoral results we feel the blow of every rock that’s thrown, every bottle. The tattered tents we sleep in are torn as they fight for power and we the women continue to be victims. The country has come to a halt. We have nothing to give our children. The question we ask is, are politicians fighting for power to change the situation for the people of Haiti or merely to fill their own pockets?