mardi 30 novembre 2010

Aktyalite eleksyon 28 novanm nan Matisan

jou ki 28 novan 2010 lan jou eleksyon an nan biwo repiblik perou ki nan matisan , pandan jounen vot la ve 10 ze nan maten te gen moun ki tap voye boutey yo te tire ak zam yo te anpeche moun yo vote. yo tap bayo presyon paske yo pat vle moun vote lot pati ke inite si yon moun pa vle vote inite yo yo fe presyon sou yo, jiskas ke se lapolis ki te vin bay sekirite pou moun yo te ka vote nan lape ak sekirite.

epi nan demen jou ki te 29 novanm nan tegen yon manifestasyon nan lari nan zon matisan te gen moun ki tap manifeste ak foto kandida a la prezidans lan ki te michel joseph martelly yo t bay gwoup manifestan sa yo gaz akrimojen le yo te rive nan matisan 1 men se polisye yo ki te te bay gaz la pou yo te ka fe foul la evakye.

Ajan yo ki nan Matisan
...........................................................


On election day, November 28th, at the Republic of Peru polling station in Martissant people starting throwing rocks, bottles and shooting around 10 am to keep people from voting. Aggressors did want reisdents to vote for any party other than INITE and attacked voters until the police arrived to protect voters and provide security.

On the morning after elections, there were demonstrations in the street in Martissant and people were carrying photos of Michel Joseph Martelly. When the crowd arrived at Martissant 1, National Police began shooting tear gas to break up the crowd.

Agents from Martissant

samedi 27 novembre 2010

Yon fwa anko vyolans sou fanm ap kontinye fe chemen l

Yon gason touye madanm li nan ponp gazolin Stamat ki nan matisan ye dimanche lan paske li pat antre lakay li samdi swa. Fi a te ale veye nan Stamat la li panse ke mesye a te malpas pou pote machandiz machan n ki pat gen tan vini nan samdi . Konsa li we mari l kap vini li pwoche pou l we epi machin nan te vid li mande neg la kote l te domi. Neg la bay malerez you sel kout pot la fi a tonbe de pye long misye menm vire volan e fe bak sou fi a ate a.

Ajan Matisan
....................................

Once again, violence against women continues
A man killed his wife at the Starmart gas station in Martissant on Sunday, because he did not come home Saturday night. The woman stayed at Starmart all night thinking that the man went to Malpasse to bring merchandise for a group of vendors. She saw her husband pull in and came closer to see and the car was empty. She asked the man where he had slept. The man swung the car door open to hit the poor woman, knocking her to the floor. He then turned the wheel and ran over her, killing her.

Agent from Martissant

mardi 16 novembre 2010

Kote moun ap dòmi

Kote n'ap gade la se kote moun ap dòmi. kote sa se kote yo fè depo chabon pou vann, se la moun yo oblije dòmi ki menm pa bon pou sante yo ki se pousyè chabon an fè li fè yo malad nan sèvo yo. depi tranbleman de tè a fin pase se konsa sityasyon moun sa yo ye jouk jounen jodia.

.....................
Where people are sleeping
This is one of the places people have been sleeping. It's a spot where charcoal is collected and sold but there is now a camp around it. People sleep here even though the charcoal dust makes them sick in the sinuses and is terrible for their health. This has been the situation every since earthquake.


Klinik anba moso prela

Ti moso prela sa n'ap gade la li pote non Klinik. li sitiye bizoton 53,nan yon kan ki rele pak chabon. Se yon kote moun yo te konn vann chabon, lè tranbleman de tè fini pase se la moun ki gen kay kraze yo vin mete moso prela pou yo te ka pare lapli ak solèy e se la yo dòmi tou. Lè timoun yo kòmanse malad gen de twa enfimyè kap viv nan menm sit sa, yo te gen kèk materyèl yo vini avèk yo anba ti bout prela sa n'ap gade la epi yo fè yon klinik. Yo pa salè se paske yon gen volonte e yo se manman pitit ki fè yo vinn bay èd yo. Yo pa menm gen ase materyèl pou yo sèvi tout timoun nan kan sa.

Ajan: Bizoton ak Maryani
............................
Clinic under a tarp
The little piece of tarp you see here is a clinic. It’s located in Bizoton 53 in a camp called Charcoal Park. It’s a place where people used to sell charcoal but after the earthquake people gathered here and set up tents to protect them from the sun and rain, to sleep. When children started to get sick, there were 3 nurses that lived there who had some basic supplies and they came together under this tarp to start a clinic. The have no funding and have done this of their own will. They too are mothers and understood that other people’s children were in need. They don’t have enough supplies to treat all of the children in the camp.

Agents from Bizoton and Marianie

samedi 13 novembre 2010

Ensekirite

Nou gen lapere. Nou paka mache ta, nou pe domi nan nwit, ni lajounen. Violans sou fanm, timoun, kidnaping tribo pa bo. Vole ap tiye nou si yo pa jwen kob sou nou oubyen yo kouche nou.

Manb FAVILEK.
...............................

Insecurity
We are afraid. We can't walk at night, we are afraid to sleep at night and during the day. Violence against women, girls, kidnapping everywhere. They rob us and if they find no money on us they kill us or rape us.

Member of FAVILEK

mercredi 10 novembre 2010

Kadejak timoun

Nou vle rakonte yon istwa ki pase dimanch ki te 7 novanm. Pandan mwen soti mal we yon zanmim ki malad. Mwen ki te yon ti pitit mwen ak yon vwazin ki tou pre ave m' mezanmi menm ti pitit vwazin lan fe kadejak sou pitit mwen an. Le m' vini atò mwen jwenn li ap kriye lè mande l' map swiv li m' jwenn kilòt li plen san. Laj ti moun mwen li gen 5 an.

Ajan Martisan
........................................

A Child Raped
We want to tell you something that happened on Sunday, November 7. I went out to go see a friend who was ill. I left one of my children with a neighbor who lives nearby and my neighbor’s son raped her. When I came back, I found her crying. As I looked at her and asked her what happened, I saw her underwear was covered in blood. My daughter is just five years old.

Agent from Martissant


lundi 8 novembre 2010

Vole kap baye pwoblem en Haiti

Sa ki fet nou jwen anpil vole en Haiti se apwe tranbleman de te a gen anpil jen gason ki lage nan pwison yo pa jwen anyen pou yo fe yo oblige ale vole. Sa pose yon gwav pwoblem pou popilasyon yap tire moun pran sa yo genyen nou vin pa an sekirite ni la jounen ni nan nwit.

Ajan Kafoufey
....................................

Theft is a serious problem in Haiti
One of the reasons we are experiencing high rates of theft is that after the earthquake many young men have escaped from the prisons and now have no work and no income. They turn to theft to sustain themselves and this poses a serious problem for the population. They hold us up at gunpoint, take what we have and we have no security during the day or night.

Agent from Carrefour Feuille

MENAS ELEKSYON

Se te samedi 6 novembre nan kant mozole kandida president preval te vini bay kob gen ki anpil vyolans. Moun kap fe kapay pou kandida di si nou pa ale vote yap mete dife nan kant yap tire nou. Yo bay 100 dollars kob pou yo ka ale vote. Gen moun ki gen zam nan zon pa gen sekirite eleksyon pa ka fet.

Agent DE MOZOLEE
..........................................

Electoral violence
On Saturday November 6th, the presidential candidate for Preval’s party came to Mosolee camp to distribute money and there was a lot of violence. The people campaigning for him threatened us by saying that if we didn’t go and vote for him that they would set our camp on fire and shoot us. They gave 100 Haitian dollars to each person who said they would go vote. There are people with guns in our neighborhood and we have no security. We can’t hold elections.

Agent from Mosolee

jeudi 4 novembre 2010

Demokrasi an ayiti.

An ayiti nou pa gen sa yo rele demokrasi a. Lè nou pran 12 janvye anpil moun ki nan la ri a toujou , pa gen okenn konsène nan peyi a ki di anyen ak ti rès moun ki vivan yo . Yo fè kòmsi yo pa konnen sak te pase a , epi yap pale de eleksyon eske la gen demokrasi vre?

Ajan wout 9 zòn Site Soley
.......................................

Democracy in Haiti
In Haiti we don’t have what people call democracy. Look at what happened on January 12th and we still have tons of people living in the streets. No one in the government cares about those of us who survived. They act as if they don't know what happened and they are talking about elections. Is this really democracy?

Agent from Route 9, Cite Soleil

Pwoblem eleksoyon an Ayiti

Se te lendi 1 novanm vè 6 zè di swa mwen te chita devan lakay mwen , te gen yon bann ki tap pase men se kanpay yo tap fè pou yon kandida . Men te gen 5 evade ki te nan foul la , yo te apèsi lapolis tap fè patwouy yo te pè paske yo te gen zam sou yo ,yo te kouri brize chèz ki te devan pòt la; pou lapolis pa arété yo.

Se te yon Ajan site Soley mèsi.
.........................................

Election problem in Haiti
It was November 1st around 6 in the evening. I was sitting in front of my house and a marching band was passing by campaigning for a candidate. However, there were five escaped prisoners in the crowd. They suspected that the police were doing random checks and they were scared because they were carrying weapons. They took off running and broke the chair in front of my door as they tried to evade the police.

Agents from Cite Soleil. Thank you.

mercredi 3 novembre 2010

Evade prizon

Evade prizon yo se ravaj yap fe nan Matisan. Se rantre nan kay moun fe kadejak sou fi ak ti fi vole piye sa moun genyen.


Escaped Prisoners
The escaped prisoners are terrorizing Martissant. They enter people’s homes, rape women and young girls, and steal whatever people have.

Siklon

Yo anonse siklon nou menm nan matisan vi nou an danje paske lanme a pwoch nou moun yo bati pre lanme a. Pou moman sa a se moun delma avek moun anwo yo ki asire nan moman siklon nan.

Ajan Matisan
................................

Hurricane
They announce a hurricane is coming and our lives are in serious danger in Martissant because we are so near the sea. People build houses near the sea. As of right now, only people in Delmas and in the hills are safe during the hurricane season.

Agent from Martissant

lundi 1 novembre 2010

Fanm agrese

Sete 30 septanb jou 19e anivese KONAMAVID nou te fe yon manifetasyon deavan paket devan ministe lajistis pounn mande jistis pou tout fanm ki victim yo . Depi le sa nap viv ak ke sote ak menas . Chak soi nou domi yon kote . Nou mande pou yo tapran ka nou an konsiderasyon. NOU MANDE JISTIS AK REPARASYON POU TOUT FANM.
.................................
Women Attacked
It was September 30, the day of the 19th Anniversary of KONAMAVID, and we organized a protest in front of the Ministry of Justice to demand justice for all women victims. Since then we have been threatened repeatedly and live in constant fear. We sleep in different locations every night. We ask that they look into our case but to no avail. We demand justice and reparation for all women.

Probleme Injistis

Gen 700 moun nan kant mosolee gen 3 latrin et 1 douch . Nou menn fanm le bezyen ale nou kanpe anpil pou nou tann mesye yo. Pa gen sekirite pa gen kouran gen anpil bandi kap viv nan kant yo konn menase nou eh yo fe vyolans sou nou. Gen yon peti sant le nal consilte se achete poun achete medikaman yon lot kote.
...................................

Problem of Injustice
There are 700 people at Mosolee Camp. There are 3 toilets and 1 shower. When we women need to use them, we have to stand for a long time waiting for the men. There is no security, no electricity, there are many bandits living in the camps. They sometimes threaten us and attack us. There is one little clinic where we go for consultation; we have to buy the medications somewhere else.

Kat chanmars

Kat se chanmars cote moun apviv. pagenyen dlo epagenyn latrine. elogemen nougenyin bocou problem. nou pacap dormi enba tante. pouale nem douch se nem lari sepabon pasque vacabon afercadejac sounou.

Ajan Chanmas
...............................

Map of Champs de Mars
This map is of Champs de Mars where many people live. We don’t have water or bathrooms and we have many problems with housing. We can’t sleep in the tents. To get to the showers we have to walk through the street where men rape us.

Agent from Champs de Mars

Se Georgette

Se Georgette qui vie a Chanmas . Elle a beaucou problem.
..........................

This is Georgette who lives in Champs de Mars. She has a lot of problems.